Ann Ayiti, Lidè politik, manm sosyete sivil la, reprezantan Prezidan Jovenel Moise ak reprezantan kominote entènasyonal la ap patisipe nan 2èm jounen negosyasyon sou kriz politik la.
Plizyè lòt gwoup politik pat gen aksè nan rankont la ki dewoule nan Nonsyati Apostolik la san prezans laprès. Kèk group ki te siyen akò Marriott la tankou Mache Kontre patisipe nan premye jounen rankont la. Pòt pawòl group Altènativ la, mèt Andre Michel di yo pap patisipe nan oken rankont ki vize fòmasyon an gouvènman dinyon nasyonal ak prezidan Jovenel Moise.
Mèt Andre Michel di, "Tout sa y ap mande se demisyon prezidan Jovenel Moise." Nonsyati apostolik la pibliye yon kominike pou l di non sèlman li pap patisipe nan diskisyon yo men tou li pap sipòte oken aktè ak pati politik nan peyi a.