Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: KEP a Ap Travay sou Demand 9 Senatè ki Estime Manda yo Poko Fini an


Senatè Jean Renel Senatus ak kèk lòt palmantè nan 50èm lejislati a.
Senatè Jean Renel Senatus ak kèk lòt palmantè nan 50èm lejislati a.

Yon manm Konsèy Elektoral pwovizwa a, KEP, fè konnen y ap travay ak konsèy jiridik enstitisyon an pou reponn demand 9 senatè Prezidan Jovenel Moise di manda yo ekspire depi 13 janvye 2020 pase a. Selon group senatè sa yo mandan yo ap fini 2èm lendi janvye 2022 dapre lwa elektoral 2015 la. Group senatè konsène yo di yo depoze plent devan tribinal premyè enstans kont prezidan ak kèk nan konseye l yo pou abi pouvwa.

Lòt nouvèl:

Prezidan Jovenel Moise pase tout wikenn nan Nòdès ak Nò peyi a. Pandan vizit sa a lidè ayisyen an inogire tronson wout Mombin-Crochu e Vallières e rankontre popilasyon nan diferan kominote. Prezidan an pwofite de vizit li nan Kap-Ayisyen pou l pale de konstriksyon Lise Philippe Guerrier ki te detui pandan tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

XS
SM
MD
LG