Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kriz Politik la Ap Pèsistè Malgre Peyi a Parèt Kalm


Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan li tap bay yon entèvyou ak Reuters, nan Pòtoprens, Ayiti. 15 novanm 2019.Foto: REUTERS/Jeanty Junior Augustin.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise pandan li tap bay yon entèvyou ak Reuters, nan Pòtoprens, Ayiti. 15 novanm 2019.Foto: REUTERS/Jeanty Junior Augustin.

Kèk jou avan fen ane 2019 la, li pa sanble Prezidan Jovenel Moise ap nonmen yon nouvo premye minis kontrèman ak pwomès li te fè pou l di peyi a ap gen yon gouvènman avan fen ane a.

Nan rankont Prezidan Moise te genyen ak 2 lidè nan opozisyon an, yo te konkli pou chita pale yo kontinye pandan rès jou ane 2019 la. Opozisyon radikal la, siyatè akò Marriott la, deja deklare li pap patisipe nan fòmasyon oken gouvènman kowalisyon ak pouvwa an plas la non plis tou li pap negosye ak lidè ayisyen an.

Group sa a konsidere kòm yon menas, deklarasyon prezidan Moise te fè sa pa gen lontan kote li di l ap "koupe 3 pami 7 tèt moun ki kanpe sou wout li pou anpeche l fè peyi a mache. Moun ki kanpe sou wout li yo kapab fè aksidan."

Yon lòt kote, Judes Charles L Faustin konseye prezidans, ki t ap pale nan yon estasyon nan kapital la Pòtoprens konfime chèf leta a Jovenel Moise pa prale nan vil Gonayiv pou l pwononse diskou 216èm anivèsè endepandans peyi a.

Rezon an se pou evite yon afwontman ame ant sipòtè chèf leta a ak patizan opozisyon an. Desizyon sa a, ke konseye a konsidere kòm yon desizyon de "Sagesse" rive apre yon bran opozisyon an lanse yon kalandriye mobilizasyon kont chèf leta a jisko 13 Janvye 2020 pou egzije demisyon. Senatè Youri Latortue konsidere desizyon an kòm yon viktwa.

XS
SM
MD
LG