Accessibility links

Breaking News

Evalyasyon Politik Lèzetazini Vizavi Ayiti, yon Peyi an Kriz


Madi 10 desanm 2019 la, sou-komisyon Afè Emisferik, Sekirite Sivil ak Komès Chanm Depite ameriken an te òganize yon seyans depozisyon sou kriz peyi d Ayiti ap konfwonte depi plizyè mwa deja. Tèm panelis yo te gen pou abòde se << Ayiti Obò yon Dezas: Evalyasyon Politik Lèzetazini Vizavi yon Peyi an Kriz >>

Pami pèsonalite ki te gen pou reponn kesyon panèl palmantè a te genyen: Pierre Espérance, Direktè Egzekitif RNDDH (Rezo Nasyonal Ayisyen pou Defans Dwamoun); Ms. Emmanuela Douyon (Nou pap Dòmi); Misye Daniel Erikson, Direktè òganizasyon Blue Star Strategies; Madam Leonie Marie Hermantin; avèk Misye Antonio Garrastazu, Direktè Rejyonal branch Amerik Latin ak Karayib pou Enstiti Repibliken Entènasyonal.

Youn nan depite yo, ki t ap pale ak dirijan RNDDH la, Pierre Espérance, te mande detay sou eta aktyèl fonksyonnman aparèy lajistis la nan peyi a. Misye Espérance di sistèm nan andikape, paske pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la pa ba li mwayen pou l fè travay li kòmsadwa.

please wait

No media source currently available

0:00 0:01:18 0:00

Youn nan pesonalite ki ta pral pran lapawòl apre sa, se youn nan depite Eta Florid yo, Frederica Wilson, ki reprezante yon sikonskripsyon kote anpil ayisyen ap viv. Depite Wilson di:

please wait

No media source currently available

0:00 0:00:38 0:00

“Plizyè jenerasyon ayisyen pale ak pasyon pou yo di kijan kriz k ap devlpe nan peyi a ba yo kè-sote; se pa ti fache yo pa fache pou sa. Yo pale aklè pou yo di yo pa vle pèsonn minen souverènte Ayiti ak dwa peyi a pou l detèmine avni li pou kont li. Yo di yo gen ke-sote poutet asistans administrasyon Trump la pa sispann pote bay gouvènman Moise la e poutèt administrasyon an pa leve lavwa ase pou l mande otorite yo rann kont pou jesyon yo, sa ki lakoz ayisyen pran lari pa bann e pa pakèt pou yo manifeste, pou yo pwoteste.

Dirijan RNDDH la, Pierre Esperance, ki te jwenn envitasyon pou l pale de jan otorite yo nan anbasad amerikèn nan ann Ayiti reyaji devan kriz la, fè konnen nan jou ak semèn ki fèk pase yo misyon diplomatik la plis apiye moun ki pwòch pouvwa a ke militan ak patizan yo k ap pwoteste kont rejim Moise la pou yo denonse koripsyon e mande chanje sistèm ki kreye koripsyon an ansanm avèk enpinite.

Seyans-depozisyon an sou sitiyasyon jeneral la ann Ayiti ki te kòmanse byen bonè nan matine jounen madi 10 desanm nan, nan Chanm Depite ameriken an, te fini nan kòmansman apremidi a..

XS
SM
MD
LG