Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Dosye SOGENER/Reyaksyon Sektè Patwonal la, Govènman an Di, "Pèsonn Pa Odesid Lalwa"


Gavel book justice court symbol
Gavel book justice court symbol

L’Association des industries d'Haïti (ADIH), la Chambre de commerce et d'industrie Haïti et la Chambre de commerce et d'industrie de l’Ouest (CCIH/CCIO) ainsi que la Chambre franco-haïtienne de commerce et d'industrie (CFHCI) pibliye yon nòt pou laprès pou eksprime enkyetid yo desizyon leta pran pou l remete an kesyon kontra ki lye EDH ak konpayi k ap vann leta enèji elektrik.

Nòt la site kòm ekzanp kontra leta te siyen ak konpayi SOGENER la ki te klè sou fason pou rezoud konfli ki ta genyen ant 2 pati yo. 3 òganizasyon patwonal yo deklare nan nòt la ke leta pa kapab itilize lajistis pou rezon politik e ke jodi a diktati pa alamòd ankò. Gouvènman an bò kote pa l reyaji pou di konpòtman kèk manm nan sektè prive a sou dosye SOGENER la se pou entimide lajistis pou anpeche l fè travay li. Nan yon nòt Minis Kominikasyon an pibliye sou kont Facebook li, gouvènman di li regrèt ke sektè puisan sosyete a ki fòme klas oligachi e ki kenbe ekonomi peyi an notaj, kontinye ap kòpòte kòm moun ki odesi de lalwa.


Bò kote pal, avoka k ap defann konpayi SOGENER la egzèse yon aksyon an hebeas corpus pou l kapab anile envitasyon pakè a fè kont responsab yo ke li konsidere ki menase libète endividyèl. Pakè a lanse yon manda pou arete tout moun ki enplike nan dosye Sogener la apre yo te boude 2 envitasyon pou vinn defann akizasyon k ap peze sou yo tankou faux et usage de faux en écriture privée, surfacturation, enrichissement illicite, abus de confiance et association au préjudice de l’État."

XS
SM
MD
LG