Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Mèt Claudy Gassant Nome Direktè ULCC; Rankont Otorite Ayisyen e Dominiken pou Konbat Kontrebann ak Krim


Ansèy Petro Caribe
Ansèy Petro Caribe

Responsab polis nasyonal la ak lapolis dominikèn rankontre semen pase a nan hotel Villas Codevi nan Dajabon pou diskite fason pou kontwole trafik dròg ak krim transnasyonal k ap fèt sou fwontyè 2 peyi yo pataje.

Komisè polis administrativ Wanament la Moncher Biio te prezide delegasyon ayisyen an. Direktè rejyonal polis Nòdwès Jeneral Boris Goico te prezide delegasyon dominiken an. Nan deklarasyon komisè Biio fè nan laprès li mande kolaborasyon otorite dominiken yo pou ede yo chache e arete ayisyen ki ta komèt krim ann Ayiti e k al pran refij an Repiblik Dominikèn.

Dominiken yo mande ayisyen yo pou ede yo kontwole motosiklèt, bèf ak cheval moun vòlè pou travèse fwontyè a. Kesyon kontreband la te nan kalandriye diskisyon yo ant otorite 2 peyi yo.

Prezidan ayisyen an pibliye yon arete ki nonmen mèt Claudy Gassant kòm direktè Unite de Lutte contre la Corruption (ULCC). Mèt Claudy Gassant se yon ansyen komisè gouvènan an.

XS
SM
MD
LG