Accessibility links

Breaking News

Trump Pare pou Lanse 3èm Kanpay Prezidansyèl li


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump pare pou pran la pawol nan Mar a Lago, jou eleksyon an 8 Nov. 2022, nan Palm Beach Florida.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump pare pou pran la pawol nan Mar a Lago, jou eleksyon an 8 Nov. 2022, nan Palm Beach Florida.

Ansyen Prezidan Donald Trump ap fè preparasyon pou'l lanse twazyèm kanpay li a l a prezidans ak yon anons li gen entansyon fè Madi swa.

Trump ap chache pouse pou pi devan apre defèt kandida li te apiye yo sibi nan eleksyon mi-manda yo. Li ta renmen tou defye listwa nan moman gen siy ki montre enfliyans li sou pati Repibliken an komanse diminye.

Ansyen prezidan an te espere sèvi ak viktwa Repibliken yo ranpòte nan eleksyon semèn pase a kòm bourad pou ranpòte nominasyon pati a pou pòs prezidan an depi byen bonè epi dekouraje nempòt ki politisyen ki ta vle fè konpetisyon avè'l.

Olye de sa, se Trump anpil moun blame pou defèt yon seri kandida li te apiye sibi nan eleksyon mi-manda yo.

XS
SM
MD
LG