Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an ap Konsidere yon Pwopozisyon-Lwa sou TPS pou Sitwayen Venezuelyen


Depite Mario Diaz-Balart (R-FL), youn nan 2 palmantè Eta Florid ki te soumèt pwopozisyon-lwa “The Venezuela TPS Act of 2019” oubyen “Lwa TPS 2019 pou Venezuela”.
Depite Mario Diaz-Balart (R-FL), youn nan 2 palmantè Eta Florid ki te soumèt pwopozisyon-lwa “The Venezuela TPS Act of 2019” oubyen “Lwa TPS 2019 pou Venezuela”.

Nan moman Peyi Venezuela ap fè fas ak yon kriz k ap vin pi mal chak jou, mete sou yon egzòd popilasyon ki pa sispann ranfòse (https://www.migrationpolicy.org/article/south-american-migration-crisis-venezuelan-outflows-test-neighbors-hospitality), manm Kongrè Lèzetazini an (Demokrat ak Repibliken) vini avèk yon pwopozisyon-kwa ki mande gouvènman ameriken an apwouve Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou sitwayen venezuelyen k ap viv ilegalman Ozetazini. Lejislasyon sa a rele “The Venezuela TPS Act of 2019” oubyen “Lwa TPS 2019 pou Venezuela” (https://soto.house.gov/sites/soto.house.gov/files/documents/Venezuela%20TPS_007_xml.pdf).

Se Depite Darren Soto (D-FL) ak Mario Diaz-Balart (R-FL) ki te entwodui Lwa TPS 2019 sou Venezuela a (https://soto.house.gov/sites/soto.house.gov/files/documents/Venezuela%20TPS_007_xml.pdf). Dokiman an di rezon dèt lejislasyon an se "yon kriz ekonomik, imanitè, sekirite ak refijye san parèy" ki poze nan Venezuela. Depite Soto, ki t ap fè kòmantè sou lejislasyon an, fè konnen:

“Sou rejim diktatoryal (Prezidan Venezuelyen) Maduro a, ekonomi peyi a deteryore yon fason ki bay gwo kè-sote, sa ki kreye yon gwo mank manje ak medikaman nan peyi a.”

Depite Darren Soto (D-FL), ko-patwon “Lwa TPS 2019 pou Venezuela a”.
Depite Darren Soto (D-FL), ko-patwon “Lwa TPS 2019 pou Venezuela a”.

Depite Diaz-Balart ajoute:

Yon enflasyon ki miltipliye pri yo plizyè fwa lavalè, yon mank pwodui ki depase limit, ak abi dwamoun k ap fèt an piblik fòse plizyè sitwayen venezyelyen pran egzil; e jan kondisyon yo prezante jounen jodi a o Venezuela, li twò danjre pou yo retounen nan peyi a.” (https://www.uscis.gov/humanitarian/temporary-protected-status).

Si Lejislasyon “Lwa TPS 2019 pou Venezuela” pase nan tou lè 2 chanm Kongrè a, li ka pwoteje imigran venezuelyen yo kont depòtasyon e pèmèt yo jwenn otorizasyon pou yo travay Ozetazini pandan yon peryòd 18 mwa.

XS
SM
MD
LG