Accessibility links

Breaking News

Venezuela Politik - Pati Prezidan Maduro a Ranpòte Eleksyon Minisipal yo. Opozisyon an Boykote Vòt la


Prezidan Venezuela a, Nicolás Maduro, bat bravo pou rezilta eleksyon. Rezilta yo montre pi fò plas yo nan nivo minisipal la al jwenn manm pati l ap dirije a, Pati Sosyalis Ini an (PSI).
Prezidan Venezuela a, Nicolás Maduro, bat bravo pou rezilta eleksyon. Rezilta yo montre pi fò plas yo nan nivo minisipal la al jwenn manm pati l ap dirije a, Pati Sosyalis Ini an (PSI).

O Venezuela, Pati Sosyalis Ini (PSI) Prezidan Nicolas Maduro ap dirije a ranpòte eleksyon minisipal ki dewoule nan jounen dimanch 9 desanm 2018 la. Lidè opozisyon an te boykote eleksyon an paske yo konsidere konsiltasyon swadizan popilè sa a kòm yon tantitiv pou maske vrè vizaj yon rejim k ap naje nan koripsyon.

Rezilta responsab komisyon elektoral Venezyela a bay montre yon gwo majorite pòs ki te an je nan nivo lokal (swa preske 2 mil 500 sièj) al jwenn manm pati ofisyèl la. Se apepre 27 pou san sou yon afè de 20 milyon elektè elijib ki t al jete bilten yo nan eleksyon an kote votan yo t ap chwazi manm konsèy administrasyon kominal yo. Yon elektris ki rele Ines Luigi bay detay sou rezon ki fè l te vote nan jounen 9 desanm nan.

"Mwen vote pou lapatri, paske mwen ta renmen wè peyi a genyen yon bon jan demokrasi; paske aksyon vote a se yon dwa epi sa montre sitwayen yo ap patisipe nan avansman pwosesis la."

Gouvènman Maduro a te anpeche pi fò lidè opozisyon an patisipe nan eleksyon an, alòske pi gwo pèsonalite nan opozisyon an te swa ale nan prizon, swa kouri kite peyi a paske yo pè pou sekirite yo. Aprè Prezidan Maduro te fin jete bilten li, li fè yon diskou ki pase sou televizyon leta a kote li te akize prezidan ameriken an, Donald Trump, deske l ap fè konplo pou ranvèse l sou pouvwa a.

"Jodi a, mesye yo ap travay; y ap kowòdone direkteman avek La Mezon Blanch pou yo eseye twouble bon evolisyon vi demokratik la nan peyi Venezyela e pou yo fè yon tantativ kou-deta kont yon rejim konstitisyonèl, kont libète e kont endepandans peyi nou an."

Msye Maduro pase Prezidan Trump ak plizye lòt lidè etranje nan betiz poutèt, dapre sa l di, yo deklare yo konsidere li kòm yon diktatè. Eleksyon lokal sa a dewoule o Venezuela nan moman peyi a ap travèse yon gwo kriz ekonomik ki preske mete Leta an fayit avèk yon gouvènman sosyalis ki gen anviwon 20 tan sou pouvwa a. Pandan 2 zou 3 ane ki pase yo, plizyè milyon sitwayen venezuelyen kouri kite peyi yo pou y al viv kay vwazen kote y ap chache yon lavi miyò.

XS
SM
MD
LG