Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Denonse Patisipasyon Gouvènman Venezuelyen an nan Lanmò yon Opozan


Moun ki t ap pote sèkèy palmantè opozisyon Fernando Alban nan seremoni antèman li ki dewoule nan lokal Asanble Nasyonal la nan Karakas, Venezuela, madi 9 oktòb 2018.
Moun ki t ap pote sèkèy palmantè opozisyon Fernando Alban nan seremoni antèman li ki dewoule nan lokal Asanble Nasyonal la nan Karakas, Venezuela, madi 9 oktòb 2018.

Lèzetazini denonse, mekredi 10 oktòb 2018 la, sa li konsidere kòm patisipasyon gouvènman venezuelyen an nan lanmò yon militan opozisyon, Fernando Albàn. Dapre sa La Mezon Blanch di nan yon deklarasyon, Lèzetazini pral kontinye mete presyon sou gouvènman venezuelyen an jiskaske demokrasi retounen nan peyi a.

Washington lanse apèl pou l mande liberasyon tout prizonye politik yo; pou rejim prezidan Nicolas Maduro a pran dispozisyon dirèk e kredib pou l retabli demokrasi nan peyi a, evite pèp la sibi plis soufrans epi anpeche plis san koule nan peyi a.

Misye Albàn sete yon manm konsèy kominal Karakas la. Otorite yo te akize li dèske li te mele nan yon atak echwe kont lavi Prezidan Maduro. Lendi 8 oktòb 2018 la li te nan prizon prevantif lè li te mouri aprè li te sòt tonbe nan yon fenèt. Otorite yo fè konnen se li-menm ki touye tèt li.

Luz Albàn, sè Fernando Albàn, ki t ap plase yon imaj Jezi Kri sou sèkèy frè li, ki te antoure ak drapo nasyonal la, pandan seremoni antèman an.
Luz Albàn, sè Fernando Albàn, ki t ap plase yon imaj Jezi Kri sou sèkèy frè li, ki te antoure ak drapo nasyonal la, pandan seremoni antèman an.

Lèzetazini te enpoze plis sanksyon sou madanm prezidan Venezuelyen an ak lòt alye Maduro nan fen mwa septanm pase a, nan moman Prezidan Donald Trump te lanse apèl bay peyi manm Nasyonzini yo pou yo apiye retou demokrasi nan Venezuela, yon peyi ki rich ak petwòl.

Sanksyon Lèzetazini pran yo vin ogmante presyon an sou yon gouvènman ki pa sispann resevwa kritik k ap sòti toupatou pou di se li ki responsab si ekonomi venezuelyèn nan tonbe an degraba e poutèt efò l ap fè pou l minen demokrasi.


XS
SM
MD
LG