Accessibility links

Breaking News

Konseye Sekirite Nasyonal Lèzetazini Anonse Plis Sanksyon kont 3 Peyi Latino-Ameriken


John Bolton, konseye La Mezon Blanch pou Sekirite Nasyonal.
John Bolton, konseye La Mezon Blanch pou Sekirite Nasyonal.

Nan jounen jedi premye novanm 2018 la, La Mezon Blanch anonse li pare pou l pran sanksyon tou nèf kont 3 peyi latino-ameriken: Nikaragwa, Kiba ak Venezuela.

Pandan konseye sekirite Nasyonal La Mezon Blanch-la, John Bolton, te pran lapawòl jedi swa nan Miami, Eta Florid, li deklare:

"Lèzetazini pa p janm fè anyen ankò pou l ankouraje diktatè ak otorite gwo ponyèt nan peyi ki tou prè nou nan Emisfè Oksidantal la... Trio tiran ki nan emisfè ou an (Kiba, Venezuela ak Nikaragwa) rive jwenn pòy yo finalman."

Mesye Bolton kontinye pou l di gen anviwon 2 douzèn antite kiben ki tonbe anba entèdiksyon pou yo fè biznis avèk antreprenè/òmdafè ou konpayi ki sitiye Ozetazini.

Sanksyon tou nèf Washington ka pran kont rejim Maduro a nan Venezuela vize mache lò peyi a, e li fè sitwayen ak konpayi amerken yo entèdiksyon pou yo fè biznis ki konsène vant oubyen acha lò venezuelyen an.

Nan menm deklarasyon an, John Bolton, mete nan menm panye a lidè 3 peyi nou site yo: Nicolàs Maduro (Venezuela), Raul Castro (Kiba) avèk Daniel Ortega (Nikaragwa). Li di yo raple li 3 pèsonaj ki nan yon seri televize ameriken ki gen pou tit “The Three Stooges”, ou “3 Boufon yo."

Men repwòch Washington fè 3 peyi yo:

Venezuela: Lèzetazini akize rejim Maduro a dèske li te ekspòte nan peyi Latiki metal presye ki rele lò a pou yon afè de 20 milyon dola yon fason pou l te evite sanksyon Washington te deja mete sou do l.

Kiba: Washington akize gouvènman Castro a dèske l ap apiye rejim Maduro a nan Venezuela kote yon ekonomi ki tonbe andegraba pwovoke yon enflasyon plizyè chif, mank tout kalite pwodui premye nesesite ak yon eliminasyon total sistèm demokratik la.

Kantapou Nikaragwa, John Bolton lanse avètisman pou l di otorite yo nan Managwa kapab genyen pou yo peye gwo konsekans si yo kontinye lage koukouwouj dèyè oppzisyon an -yon koukouwouj ki te koze lanmò anpil moun sa pa gen lontan.

XS
SM
MD
LG