Accessibility links

Breaking News

Taliban yo Pran Responsablite pou yon Eksplozyon ki Toute 16 Moun nan Kaboul


Sitwayen afgan kap ede yon lòt ki blese nan ekplozyon nan Kaboul, kapital Afganistan an, lendi 2 septanm 2019 la.
Sitwayen afgan kap ede yon lòt ki blese nan ekplozyon nan Kaboul, kapital Afganistan an, lendi 2 septanm 2019 la.

Taliban yo pran responsablite pou yon eksplozyon ki fet nan Kaboul byen ta lendi 2 septanm 2019 la kèk èd tan apre yon negosyatè Etazini te pataje ak prezidan afghan-an, Ashraf Ghani kèk detay enpotan sou yon akò ki ta kapab mande pou plizye milye solda ameriken kite Afghanistan.

Eksplozyon an fet nan vilaj vèt la kote oganizasyon entenasyonal yo ak pansyon yo sitye a; omwen 16 moun mouri e 119 lot blese dapre yon potpawol gouvenman afghan an. Feroz Bashari di la polis te sove 400 sitwayen etranje ki te nan komplèks la e yo transfere yo nan yon plas san danje.

Anvan, otorite ameriken yo te di yo jwen yon dokiman pwovizwa akò avek taliban ki pral mande solda ameriken yo pou yo soti nan 5 baz militè nan Afghanistan nan 135 jou aprè yo fin siyen dokiman an.

XS
SM
MD
LG