Accessibility links

Breaking News

Afganistan: 6 Moun Mouri e 20 Lòt Blese nan yon Atak Suisid


Fòs Sekirite afgan yo ki sou plas kote atak suiisid la rive a dimanch 11 novanm 2018 la.
Fòs Sekirite afgan yo ki sou plas kote atak suiisid la rive a dimanch 11 novanm 2018 la.

Responsab gouvènmantal yo nan Afganistan fè konnen yon atakan suisid sote yon jilè chaje eksplozif tou pre yon pòs enspeksyon ki bay sou etablisman segondè Isteqlal anba lavil Kaboul, swa toupre yon zòn kote yon manifestasyon tap dewoule, yon manifestasyon kite fini mwens pase inèdtan anvan eksplozyon an.

Jiskaprezan, okenn moun oubyen gwoup poko revandike responsablite atanta a. Omwen 6 moun pèdi lavi yo, pami yo 3 fanm, 2 gason ak yon manm lame Afghanistan. 20 moun blese nan atak la pou pi piti.

Plizyè santèn manifestan te rasanble nan zòn eksplozyon an anvan sa, dekwa pou pwoteste konk ensekirite nan 2 pwovens Afganistan, Ghazni, Uruzgan, espesyalman kote minorite Hazara shi"it ap viv pou pifò.

Manifestasyon sa a te tanmen sanzatann ak yon ti ponyen kretyen vivan dimanch swa 11 novanm 2018 la, dapre estasyon televizyon TOLONEWS, men foul la te vin ogmante lè plizyè santèn nouvo rezidan te vin pote kole ak mouvman pwotestasyon an. Afilye gwoup eta islamik la genyen nan Afganistan revandike responsablite atak la.

XS
SM
MD
LG