Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak yon Machin Pyeje Touye Plizyè Moun ann Afganistan


Eksplosyon nan Kaboul, Afganistan pemye jiyè 2019
Eksplosyon nan Kaboul, Afganistan pemye jiyè 2019

Eksplozyon yon machin pyeje ak atak ame ki fèt nan kapital Afganistan an, Kaboul, touye e blese plizyè douzèn moun. Rebèl Taliban yo pran responsabilite pou atak kamikaz la ki, dapre yo, te vize sa yo rele sant lojistik e mekanik Ministè defans la.

Moun ki rete nan zòn nan fè konnen yo te tande bri eksplozyon-an nan yon pati nan sant vil la nan moman kote te gen anpil aktivite; eksplozyon an voye yon pakèt la fimen nwa sou Kaboul.

Potpawòl ministè enteryè a, Nasrat Rahimi, di fòs espesyal Afgan yo rive kote atak yo fèt la e yo lanse yon operasyon pou netralize asayan yo.

XS
SM
MD
LG