Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Plis Pase 10 Moun Mouri nan yon Seri Atak Teworis ak Oto Pyeje


Fòs de lòd you ki sèn kote atak ak machin pyeje a rive a nan Kaboul, Afganistan 25 jiyè 2019 la. Foto: REUTERS
Fòs de lòd you ki sèn kote atak ak machin pyeje a rive a nan Kaboul, Afganistan 25 jiyè 2019 la. Foto: REUTERS

Nan Afghanistan, yon seri eksplozyon sakaje kapital la Kaboul jedi 25 jiyè 2019 la, omwen 10 moun pèdi la vi yo e yon kantite lòt blese.

Yon pòtpawòl ministè enteryè peyi a, Nasrat Rahimi di yon kamikaz ki te sou yon motosiklèt ki te vize yon mini-bis ki tap transpote pèsonèl Ministè Minn ak Petwol pandan yo te nan wout pou yo al travay.

Yon 2èm eksplozyon fèt menm kote premye atak la te fèt la. Pandansetan, yon lòt eksplozyon fèt nan Jalalabad kapital pwovens Nangarhar a, 9 moun mouri pami yo 6 fanm ak 3 ti moun nan yon mènm fanmi dapre Ataullah Khogyani yon pòtpawòl pou biwo gouvenè Nangarhar la.

XS
SM
MD
LG