Accessibility links

Breaking News

Hong Kong Elimine Lwa sou Ekstradiksyon Sitwayen li nan Grand Chin nan


Mach anti ekstradiksyon nan Hong Kong.
Mach anti ekstradiksyon nan Hong Kong.

Apre plizyè semèn pale anpil ak kokenn manifestasyon kote moun move kou kong te okipe beton an, lidè Hong Kong nan Carrie Lam fè konnen pwojè lwa ki ta pèmèt pou ekstrade moun Hong Kong ale nan Grand Chin nan pa egziste ankò.

Pandan li t ap anonse desizyon an jodi a nan yon konferans pou laprès, Lidè ki nan pwoblèm nan, Lam rekonèt ke piblik la kontinye gen “yon gwo dout ke gouvènman an sensè, oubyen moun-yo pè pou gouvènman-an pa reparèt ak pwojè-a nan konsèy palmantè-a.”

Lam deklare ke efò pou fè pase lwa a se “yon echèk total," men li pa di si gouvènman an wete pwojè-lwa a nèt, jan manifestan yo t ap reklame a.

XS
SM
MD
LG