Accessibility links

Breaking News

La Chin Kondane Manifestasyon Vyolan ki Dewoule nan Hong Kong


Polis ki sou sèn kote manifestan yo te kraze graz nan fenèt palman Hong Kong nan lendi ki te premye jiyè 2019 la.
Polis ki sou sèn kote manifestan yo te kraze graz nan fenèt palman Hong Kong nan lendi ki te premye jiyè 2019 la.

La Chin kondane manifestasyon vyolan ki dewoule nan Hong Kong e ki defye fòmul "yon peyi, 2 sistèm nan". Se dapre fòmul sa a vil otonòm nan tonbe anba kontwòl La Chin kontinantal.

Lendi premye jiyè 2019 la, plizyè milye manifestan te pwofite 22 zyèm anivesè reyinifikasyon Hong Kong avek La Chin nan pou yo antre nan palè lejislatif la. Yon fwa yo te anndan-an, yo te ale nan koulwa yo e yo te sal muray yo ak kout-penti e avek grafiti kote yo tap denonse politik Peken vizavi Hong Kong.

Dezòd sa a te fini apre la polis anti-emeut te rive sou plas epi polisye yo te sèvi ak gaz lakrimojèn pou yo gaye manifestan yo.

XS
SM
MD
LG