Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Pi Fò Ameriken Kwè Peyi a sou Move Pant la


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale pandan fowom Pi Gwo Ekonomi Mondyal yo sou Eneji ak Chanjman Klimatik nan Lamezonblanch, 17 Jyen 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale pandan fowom Pi Gwo Ekonomi Mondyal yo sou Eneji ak Chanjman Klimatik nan Lamezonblanch, 17 Jyen 2022.

Yon nouvo sondaj montre pi fò Ameriken kwè Lèzetazini sou move pant la, pami yo 8 sou 10 Demokrat.

Sondaj la, ke Associated Press reyalize ansanm ak NORC Sant pou Rechèch sou Relasyon Piblik, jwenn anpil pesimism pa rapo ak ekonomi an kontinye trakase Prezidan Joe Biden.

85% adilt Ameriken ki reponn sondaj la di peyi a sou move pant la. Gen 79% ki di ekonomi an pa bon.

Rezilta yo sigjere Biden pral fè fas ak defi fondamantal nan moman lap eseye motive elektè yo pou yo vote pou Demokrat yo nan eleksyon mi-manda mwad Novanm yo.

Sondaj la montre se sèlman 39% Ameriken ki apwouve lidèship Biden an jeneral, tandiske 60% pa apwouve ditou.

XS
SM
MD
LG