Accessibility links

Breaking News

Biden Felisite Konbatan Blese yo kòm “Kolòn Vètebral Lèzetazini”


USA-BIDEN/ECONOMY
USA-BIDEN/ECONOMY

WASHINGTON - Prezidan Joe Biden resevwa nan Lemezonblanch, nan jounen jedi a, manm Pwojè Konbatan Blese yo nan okazyon selebrasyon Jounen Anyel Sòlda yo, kote li fe konpliman pou manm prezan ak pase fòs militè yo ke li konsidere kòm “kolòn vètebral Lèzetazini.”

Plis pase 2 douzèn veteran ak sòlda ki nan sèvis aktif toujou fè 2 tou Gazon Sid Lamezonblanch la nan kad yon fèt sou bisiklèt k ap dire plizyè jou. Tradisyon kote sòlda fè tou gazon an sou bisiklèt remonte nan lane 2008. Biden deklare:

“Nou se pi bon bagay Lèzetazini genyen pou l ofri. Nou reprezante nanm ak espri nasyon an.”

Òganizasyon Pwojè Konbatan Blese yo te fonde an 2003. Misyon li se asiste veteran yo, fanmi yo ansanm avek moun k ap pran swen manm lame a ki te sibi blese fizik ou mantal, oubyen ki tonbe malad pandan yo te nan sèvis militè nan dat 11 septanm 2011 oubyen apre dat sa a.

Premyè Dam nan, Jill Biden, ansanm avèk Vis Prezidant la, Kamala Harris ak mari li, Doug Emhoff --ki se 2èm sitwayen nasyon an-- yo menm tou te asiste seremoni Tou Bisiklet Jedi a jan yo te planifye l la anba yon ti lapli.

Premye Dam nan remèsye veteran yo pou sèvis yo e li rekonèt “chemen gerizon an se pa yon liyn dwat” pou anpil pami sila yo ki te resevwa blese terib pandan sèvis yo. Li ajoute:

XS
SM
MD
LG