Accessibility links

Breaking News

Biden pral Rankontre Prezidan Meksiken an Mwa Pwochen an


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rankontre Prezidan Meksiken Andrés Manuel López Obrador nan biwo Oval Lamezonblanch la, 8 Nov. 2021.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rankontre Prezidan Meksiken Andrés Manuel López Obrador nan biwo Oval Lamezonblanch la, 8 Nov. 2021.

Prezidan Joe Biden pral rankontre Prezidan Meksiken an Andrés Manuel López Obrador 12 Jiyè nan Lamezonblanch.

Prezidan Meksiken an pat asiste Some Dèz Amerik la nan Los Angeles, kom pwotestasyon paske Etazini pat envite Kiba, Nikaragwa ak Venezyela nan rankont la.

Lamezonblanch fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye ke Biden ak Obrador pral diskite sou kestyon tankou sekirite alimantè, imigrasyon, chanjman klimatik, ensekirite ak enterè ekonomik yo pataje.

Relasyon ant Etazini ak Meksik te fè fas ak tansyon nan mwad Jyen an akoz somè a, ki te sipoze santre sou inite peyi nan emisfè Oksidantal yo.

XS
SM
MD
LG