Accessibility links

Breaking News

Meksik: 12 Moun Pèdi Lavi yo nan Komba Ant Lapolis ak Gang


Un policía custodia frente a un vehículo de la oficina forense a la entrada de un hotel de Cancún, México, después de un tiroteo en que murieron dos personas el 4 de noviembre de 2021.
Un policía custodia frente a un vehículo de la oficina forense a la entrada de un hotel de Cancún, México, después de un tiroteo en que murieron dos personas el 4 de noviembre de 2021.

Otorite yo fè konnen Jedi ke 4 polisye ak 8 manm prezime gang pèdi lavi yo pandan yon operasyon pou sove moun ke gang yo te kidnape nan eta Jalisco nan lwès peyi Meksik.

Pwokirè Luis Mendez Ruiz te di jounalis yo ke katouch te chante alantou yon kay nan Guadalajara. Echanj katouch yo te dire plis pase inèdtan edmi.

Gouvènè Jalisco a, Enrique Alfaro di ke plizyè moun te jwenn arestasyon yo. Gen 3 ladan yo ki blese grav, otorite yo te sezi anpil zam ak minisyon.

Depi kòmansman ane a, 10 polisye pèdi lavi nan eta Jalisco, eta sa se youn eta ki pi vyolan nan peyi Meksik akòz prezans gang kriminèl yo.

Nan rejyon sa gen plizyè Katèl, ke otorite yo di ki responsab pou anpil omisid ak disparisyon ki fèt.

Lidè li a, Nemesio "El Mencho" Oseguera, se youn nan chèf dwòg ke otorite ap chèche tout kote nan mond lan, (DEA) ki se ajans antidwòg Ameriken an ofri $10 milyon pou arestasyon li.

XS
SM
MD
LG