Accessibility links

Breaking News

Senatè Ameriken Anonse yon Antant sou Kestyon Zam nan


Senate Chris Murphy, yon Demokrat ki reprezante Connecticut nan Sena a, pale pandan yon manifestasyon tou pre Kapitol la nan Washington, Vandredi 10 Jyen, 2022.
Senate Chris Murphy, yon Demokrat ki reprezante Connecticut nan Sena a, pale pandan yon manifestasyon tou pre Kapitol la nan Washington, Vandredi 10 Jyen, 2022.

Kèk manm Sena Ameriken an ki tap negosye ak Demokrat e Repibliken yo pou jwenn yon antant, anonse sa yo dekri tankou yon kad manm tou 2 pati yo apwouve pou reponn fiziyad ki boulvèse peyi a mwa pase a.

Se yon gwo pa ann avan, men ak kèk limit, ki ofri yon amelyorasyon nan lwa ki egziste e ki vize bay lekol yo plis sekirite pandan yap amelyore pwogram swen sante mantal yo.

Plan an pa ale osi lwen mezi sevè Prezidan Joe Biden ak anpil Demokrat ap chache depi lontan. Sepandan, Biden bat bravo pou antant la. Si yo rive siyen'l sa tap voye yon mesaj enpotan dèske blokaj ki te genyen nan Kongrè a depi lontan sou kestyon kontwol zam nan soulaje.

Gen 22 senatè pami yo 10 Repibliken ki mande pou Sena a apwouve li. Se yon eleman esansyèl paske Demokrat yo bezwen omwens 10 vot Repibliken pou adopte lwa a.

XS
SM
MD
LG