Accessibility links

Breaking News

Gouvenè Nouyòk Siyen Yon Pwojè lwa ki Moute Laj Pou Achte Fizi Semi-Otomatik


Yon seri tire ki fèt nan plizyè eta ameriken souke nasyon an e relimen deba sou jan pou anpeche vyolans ak zam nan Etazini.

Pandan kèk palmantè nan Kongrè ameriken an ap chache mete fen nan preske 3 dizèn lane kote Kongrè pa fè okenn lwa pou kontwole zam, gouvènman eta yo ap chache lòt mwayen pou yo abòde vyolans an mas sa yo.

Nan Nouyòk semèn sa a, gouvènè Demokrat Kathy Hochul siyen pou fè tounen lwa yon pwojè-lwa ki moute pi piti laj yon moun dwe genyen pou achte fizi semi-otomatik, soti nan 18 an pou mete l 21 lane.

Lwa sa a mete restriksyon sou lavant rad pou pare bal e li ranfòse sa eta New York rele "lwa pou avèti lè gen danje", ki fè plis ekzijans pou travayè sante mantal yo rapòte ka ke yo sispèk kòm danje, e menm bagay la pou fòs lòd ki resevwa enfòmasyon ke yo ka fè konfyans ke yon moun reprezante yon danje pou sekirite piblik.

XS
SM
MD
LG