Accessibility links

Breaking News

Aktè Matthew McConaughey Sipliye Kongrè a poul Adopte Pwojè Lwa sou Kontwòl Zam nan


Akte Matthew McConaughey kenbe foto Alithia Ramirez, 10 zan, ki mouri nan fiziyad lekol prime Uvalde, Texas, Madi 7 Jyen 2022 nan washington.
Akte Matthew McConaughey kenbe foto Alithia Ramirez, 10 zan, ki mouri nan fiziyad lekol prime Uvalde, Texas, Madi 7 Jyen 2022 nan washington.

Loreya pri Oscar aktè Matthew McConaughey lanse yon apèl chaje ak emosyon bay Kongrè a pou'l "chache rive pi wo" epi adopte pwojè lwa sou kontwòl zam nan.

Nan yon diskou ki dire 22 minit ke li pwononse nan Lamezonblanch Madi, McConaughey, yon natif natal vil Uvalde nan eta Texas, egzòte Kongrè a pou'l adopte refom sou zam ki ka sove lavi moun san yo pa vyole dwa 2em Amandman Konstitisyon an ba yo.

McConaughey te sevi ak enfliyans li antanke vedèt pou'l fè agiman an pou yon lwa yon fason administrasyon Biden nan pa rive fè.

Li ofri yon koneksyon klè ant ti vil nan eta Texas la ak detay emouvan sou pèt 19 timoun ak 2 pwofesè ki te mouri nan yon fiziyad mwa pase a nan yon lekòl primè.

XS
SM
MD
LG