Accessibility links

Breaking News

Chanm dè Reprezantan Etazini an Pase Yon Pwojè-Lwa Sou Kontwòl Zam


Gun Control Explainer
Gun Control Explainer

Chanm Reprezantan Etazini an pase ayè mèkredi a yon pwojè-lwa sou kontwòl zam ki pase sou anpil pwen, kòm repons pou tire ki sot fèt nan Buffalo, NY, ak nan Uvalde, Texas, ki ta moute laj limit pou moun achte yon zam semi-otomatik e entèdi blòk minisyon ki ka pran plis pase 15 bal.

Pwojè-lwa a pase kote depite yo vote sitou selon liy pati politik pa yo e fini ak yon vòt 223 pou ak 204 kont.

Li prèske pa gen chans pou li tounen lwa pwiske Sena a ap pouswiv negosyasyon ki santre sou mwayen pou amelyore pwogram sante mantal yo, ranfòse sekirite nan lekòl yo e fè plis rechèch sou istwa moun ki vle achte zam.

Men pwojè-lwa Chanm Reprezantan an bay palmantè Demokrat yo yon chans pou prepare elektè yo pou eleksyon Mwa Novanm, kote yo pwal kanpe sou politik ki gen anpil sipò nan sondaj.

XS
SM
MD
LG