Sekretè Jeneral Nasyon Zini an Antonio Guterres, ki te vizite yon sant ebèjeman nan Bahamas deklare " sinistre yo jwen sipò gouvènman Bahameyen an ak sosyete a.
San di pètèt, lè nap fè fas ak yon sityasyon konsa, se toujou migran yo ki pi vilnerab, mwen konstate gouvènman an konsyan de pwobèm nan, e li adopte yon apwòch imen nan chache solisyon pou pipilasyon an sitou ayisyen yo ki deja ap viv, kòm nou konnen nan yon sitiyasyon difisil.
Kominote entènasyonal la enpòtan nan èd ki dwe al jwenn popilasyon bahamyen an ki sot sibi enpak siklòn Darion an.