Accessibility links

Breaking News

Mobilizasyon Entènasyonal pou Ede Bahamas Kote Siklòn Dorian Koze Gwo Dega


Yon ekip òganizasyon entènasyonal Gwoup pou Sekou Imanitè an Ka Dezas ap fè livrezon pwovizyon apre pasaj Siklòn Dorian sou Zile Grann Abaco, nan Bahamas, Sept. 4, 2019.
Yon ekip òganizasyon entènasyonal Gwoup pou Sekou Imanitè an Ka Dezas ap fè livrezon pwovizyon apre pasaj Siklòn Dorian sou Zile Grann Abaco, nan Bahamas, Sept. 4, 2019.

Siklòn Dorian febli e li desann nan kategori 1 apre li te pwovoke gwo vouvari-van ak inondasyon sou wout yo nan Eta Kawolin di Sid ak Kawolin di Nò. Byen bonè vandredi 6 septanm 2019 la, siklòn nan touche tè nan rejyon Cape Hatteras, nan Kawolin di Nò, anvan li te pran direksyon Oseyan Atlantik la pandan l ap monte sou kòt ès Lèzetazini avèk van k ap soufle a 130 kilomèt alè minimòm. Nan dènye bilten enfòmasyon Sant Meteo Ameriken an pibliye nan mitan jounen vandredi a, li di

« Zye Siklòn nan pral deplase kite kòt Kawolin di Nò pandan plizyè èdtan a pati de apre-midi a; li ta dwe pran direksyon pwent sid-ès La Nouvèl Angletè aswè a e pandan matine demen samdi a; apre sa, byen ta samdi ou pandan sware jounen an, li ta dwe mete tèt sou Nova Scotia (La Nouvèl Ekòs), o Kanada… »

Moun nan Bahamas ki viktim anba Siklòn Dorian e ki t ap chache zafè yo anba debri nan jounen vandredi 6 septanm 2019 la.
Moun nan Bahamas ki viktim anba Siklòn Dorian e ki t ap chache zafè yo anba debri nan jounen vandredi 6 septanm 2019 la.

Konsènan èd entènasyonal Bahamas resevwa ou pral resevwa apre devastasyon istorik Doryan koze nan peyi sa a, gad-kòt Lèzetazini ak Lamarin wayal britanik voye bato ak tout kalte pwovizyon ak asistans pou popilasyon sinistre a; bato sa yo jete lank tou patou alantou Zile Bahamas yo;. Yon lòt kote, liyn bato touristik Royal Caribbean avèk Walt Disney, ki abitye transpòte touris nan Bahamas, ap itilize bato yo pou yo transpòte manje, dlo, flash ak lòt kalite ekipman ki ka amelyore kondisyon lavi a moun k ap viv nan Bahamas.

Lyonel Desmarattes prepare e anrejistre yon repòtaj ki bay plis detay sou jan sitiyasyon an prezante nan Bahamas ak lòt sous asistans peyi a ap jwenn nan moman -pou n site Premye Minis Hubert Alexander Minnis: “peyi nou an nan bezwen...”

XS
SM
MD
LG