Yon semèn aprè Siklòn Dorian te devaste Bahamas –kote li kite sou kèk zile dega ak ruinn sèlman- òganizasyon èd entènasonal yo yo lanse operasyon k ap travay preske 24/24 pou pote yon soulajman bay popilasyon viktim nan. Marie-Luce Pierre prezante 2 nan òganizasyon sekou entènasyonal ki sou plas yo: Lame di Sali avèk International Medical Corps ki aktif anpil sou 2 zile ki plis frape yo: Abaco avèk Grann Bahama.
===================================
<< Sa nou sòt wè la a sou ekran an, se yon egzanp sèn moun kapab wè tou patou sou zile Abako ak Grann Bahama, nan Bahamas, plizyè jou apre Dorian, youn nan siklòn ki pi malouk (ki pi terib nan tout listwa move tan konsa) te frape peyi a epi raze ra-pyetè anpil rejyon sou tèritwa nasyonal la. Premye minis Hubert Alexander Minnis, ki t ap di kijan sitiyasyon an prezante yon semèn aprè pasaj siklòn nan, fè deklarasyon sila a:
"Dlo lavalas te tèlman gonfle nan lari yo, ou ta di se yon oseyan ki devan w. Gwo konstriksyon te tounen debri ak gravwa kòmsi sete yon gwo kokenn chenn bonm, avèk yon fòs atomik, ki te eklate nan peyi a. Pa gen vokabilè ki sifi pou dekri trajedi sa a."
Oganizasyon asistans entènasyonal yo ap travay ak gouvènman jamayiken an e ak òganizasyon sante lokal yo pou ede sivivan k ap redi pou yo rekanpe sou pye yo. Madam Sue Mangicaro se yon espesyalis lasante k ap travay avèk òganizasyon "International Medical Corps" ki baze Ozetazini. Pandan li t ap pale avèk Lavwadlamerik pa Skype, deklare:
"Pwoblèm ki poze souvan sè ke moun k ap soufri ak maladi kwonik ke sitiyasyon konsa afekte, konn pa gen medikaman pou yo kontinye trete maladi a, paske medikaman yo fini. Sa kreye yon sitiyasyon vrèman tèrib."
Majò Hendrik Sumter ap dirije Lame du Sali nan Grann Bahama. Nan yon sesyon kesyon-repons pa Skype avèk Lavwadlamerik, li fè konnen òganizasyon an bay moun yo manje, dlo, kit ijyenik ak materyo konstriksyon.
"Lame di Sali pote asistans sa a bay moun yo sou yon baz pwovizwa, jist pou nou konble yon vid, yon fason pou viktim yo kapab rejwenn diyite yo kòm moun e pou yo kapab rekòmanse okipe zafè yo, pou yo kapab rekòmanse mennen aktivite chak jou yo."
Tourism reprezante prensipal pilye ekonomi bahameyèn nan. Men, espesyalis ki sou teren an pou pote sekou fè konnen aktivite touristik yo pral kanpe pandan lontan nan peyi a.
An pale de asistans entènasyonal, Gad Kòt ameriken pote yon kontribisyon kote li ofri elikoptè ki al chache moun ki t ap viv sou zile ki plis efekte yo (tankou Abaco ak Grann Baham) pou transpòte yo nan lòt pati peyi a ki plizoumwen entak. Nan kòmansman jounen lendi 9 septanm pase a, yon otorite ameriken wo-plase te di gouvènman an nan Washington te byen kapab anvizaje posiblite pou l kite antre Ozetazini, sou yon baz imanitè, viktim ki sòti vivan anba siklòn nan; sepandan, yon ti kras pi ta nan jounen an, Prezidan Donald Trump te pote yon pinga. Lidè ameriken an te di :
"Nou fèt pou n pran prekosyon. Tout moun dwe genyen dokiman ki totalman apwopriye. Mwen pa vle kite antre Ozetazini moun ki pa t menm dwe twouve yo nan Bahamas –pami yo genyen kèk gwo move je, ki pa bon moun ditou-ditou."
Dènye nouvèl yo di genyen 2 mil 500 moun ki toujou pa reponn alapèl nan Bahamas apre pasaj Siklòn Dorian. Daprè volontè k ap pote asistans entènasyonal yo, gen gwo posiblite pou kantite moun ki mouri yo kontinye ogmante. >>
Vwa: Marie-Luce Pierre.