Accessibility links

Breaking News

Sèkèy Rèn Elizabeth II Rive nan Palè Buckingham


Sèkèy Rèn Elizabeth II rive nan Pale Buckingham nan Lond, 13 Sept. 2022.
Sèkèy Rèn Elizabeth II rive nan Pale Buckingham nan Lond, 13 Sept. 2022.

Sèkèy Rèn Elizabeth II rive nan Palè Buckingham apre li pase nan lari Lond kote gwo foul moun te kanpe anba lapli pou swete li adye.

Avyon militè C-17 Globemaster ki te ranspòte rèn nan ateri nan baz aviyasyon RAF Northolt, ki sitye a lwès Lond, aprepre yon hè d tan apre li te kite Edimbourg, kapital Ekos.

Sèkèy Rèn Elizabeth II Kite Ekos pou l al nan Palè Buckingham Lond la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:39 0:00

Kadav rèn nan te fè dènye vwayaj li soti Chato Balmoral nan no Ekòs kote monak la te mouri Jedi 8 Septanm, a laj de 96 zan apre li te pase 70 zan sou twon nan.

Wa Charles II ak lòt manm fanmi pwoch rèn nan te akonpaye sèkèy la nan palè a.

XS
SM
MD
LG