Accessibility links

Breaking News

Rishi Sunak Tounen Nouvo Premye Minis Angletè


Wa Charles III akeyi Rishi Sunak, nouvo lide eli pati Konsevate a ak Premye Minis Anglete, nan Pale Buckingham la nan Lond, Madi 25 Oktob, 2022.
Wa Charles III akeyi Rishi Sunak, nouvo lide eli pati Konsevate a ak Premye Minis Anglete, nan Pale Buckingham la nan Lond, Madi 25 Oktob, 2022.

Rishi Sunak tounen premye minis Angletè apre Wa Charles III mande li fòme yon gouvènman.

Sunak rankontre wa a nan palè Buckingham nan Madi.

Wa a te fèk aksepte demisyon Liz Truss.

Dapre konstitisyon peyi Angletè, wa a jwe yon wòl seremonyal nan nominasyon lidè gouvènman yo.

Obsèvatè yo atann yo aske Sunak komanse nomen yon Kabinè san pèdi tan, epi eseye jere kriz ekonomik ki lakoz dè milyon Britanik ap redi pou achte manje epi peye fakti elektrisite ak gaz.

Sunak se 3èm premye minis Konsèvatè peyi Angletè ane sa a, e li pral eseye inifye pati ki o pouvwa a, ki pou kounyea, chaje ak divizyon.

XS
SM
MD
LG