Accessibility links

Breaking News

Rishi Sunak Taka Pwochen Premye Minis Angletè


Kandida pou lideship pati Konsevate a, Rishi Sunak kite biwo kanpay la nan vil Lond, Lendi 24 Oktob, 2022.
Kandida pou lideship pati Konsevate a, Rishi Sunak kite biwo kanpay la nan vil Lond, Lendi 24 Oktob, 2022.

Ansyen chèf Trezò la Grand Bretay, Rishi Sunak takapab pwochen premye minis peyi a, apre li ranpòte kous lidèship pati Konsèvatè a.

Kounyea misye gen pou'l leve gwo defi ki se stabilize peyi a nan yon peryòd tibilans ekonomik ak politik.

Sunak se pral premye premye minis Angletè ki pa blan, epi twazyèm premye minis peyi a ane sa a.

Sunak pral ranplase Liz Truss. Truss bay demisyon ni semèn pase a apre 45 jou sèlman sou pouvwa a. Li kite dèyè yon yon move sityasyon ekonomik epi yon pati konsèvatè ki divize.

Sèl rival Sunak te genyen an rale kò li apre li pat resi ranpòte 100 vwa pami palmantè konsèvatè yo pou'l rete nan konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG