Accessibility links

Breaking News

RDC: Depatman Deta Reyaji Sou Reeleksyon Joseph Kabila


Sipòtè, Etienne Tshisekedi, lidè opozisyon an
Sipòtè, Etienne Tshisekedi, lidè opozisyon an

Nouvo prezidan Repiblik Demokratik Kongo a (RDC), Joseph Kabila, pran angajman pou l ini peyi li, malgre lidè opozisyon Etienne Tchisekedi deklare se li-menm ki prezidan lejitim peyi a.

Misye Kabila prete sèman madi nan Kinshasa, kapital RDC, apre yon eleksyon obsèvatè yo di ki te chaje ak anpil iregilarite ni nan vòt la ni nan depouyman bilten yo

Misye Kabila ensiste pou di pa genyen dout sou lejitimite reeleksyon li e responsab elektoral yo fè konnen li ranpòte eleksyon an « wo lamen ».

Otorite ameriken yo tou di eleksyon an te chaje “iregilarite grav”.

Nan yon kominike li pibliye lendi midi 20 desanm nan, Depatman Deta ameriken di li regrèt anpil desizyon Tribinal Siprèm RDC a pou’l valide rezilta pwovizwa Komisyon Elektoral la san l pa re-evalye kòmsadwa rapò ki di te genyen anpil “iregilarite nan vòt la.

Depatman an kontinye pou l di: “Lèzetazini kontinye kwè jestyon ak reyalizasyon eleksyon yo te boure vis-de-form, manke transparans e yo pa koresponn ak aki demokratik li te konstate nan dènye eleksyon ki dewoule sou kontinan afriken an."

Men Depatman Deta ajoute, li pa klè si “iregilarite sa yo te ase pou chanje rezilta eleksyon an.

Bò kote pa li, lidè opozisyon-an, Etienne Tchisekedi, rejte rezilta yo kòm rezilta “fo mamit” e l deklare tèt li “prezidan eli”. Li anonse l ap prete-sèman vandredi k ap vin la a kòm prezidan RDC.

Misye Kabila envite Tchisekidi swiv chimen nòmal pwosesis la, sètadi: ale an’nn apèl si’l vle konteste rezilta vòt la.

XS
SM
MD
LG