Prezidan Joseph Kabila te rive sou pouvwa nan Repiblik Demokratik Kongo (RDC) aprè asasinay papa li, Laurent sa gen yen yon dizèn lane. Li te genyen 29 an.
Laurent Kabila te rive sou pouvwa a apre li te ede jete diktatè Mobouto Sese Seko. Li te nonmen Joseph, pi gran nan 10 pitit li yo, kòm chèf fòs zame kongolèz yo.
Apre asasinay pè Kabila, ki te tonbe anba bal youn nan sòlda li yo, minis kongolè yo te fè yon anranjman ki pèmèt Joseph Kabila monte prezidan, se te nan kòmansman ane 2001.
Li te pran desten yon gwo peyi lagè ant plizyè peyi vwazen t ap ravaje. Li mete fen nan lagè a an 2003 atravè diplomasi e l konsolide pozisyon li apre li ranpòte an 2006 premye eleksyon prezidansyèl lib ki janm dewoule nan nasyon afriken sa a.
Li prete-sèman pou yon dezyèm manda madi 20 desanm 2011 la, apre otorite elektoral yo deklare li kòm venkè dezyèm eleksyon ki dewoule nan RDC depi fen lagè a.