Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kabila Genyen Eleksyon yo nan RDC


Prezidan Repiblik Demokratik Congo a, Joseph Kabila, genyen eleksyon ki dewoule, semèn pase a, ki ba l yon nouvo manda 5 an
Prezidan Repiblik Demokratik Congo a, Joseph Kabila, genyen eleksyon ki dewoule, semèn pase a, ki ba l yon nouvo manda 5 an

Prezidan Repiblik Demokratik Congo a, Joseph Kabila, genyen eleksyon ki dewoule, semèn pase a, ki ba l yon nouvo manda 5 an.

Korespondan LaVwadlamerik Scott Stearns rapòte, etan nan kapiptal la Kinshasa, rezilta ofisyèl yo ki parèt jodi a moutre Mesye Kabila devan tout kandida-yo ak 48.9% vwa yo.

Veteran lidè nan opozisyon an Etienne Tshisekedi soti 2èm ak 32%.

Prezidan Repiblik Demokratik Kongo a Joseph Kabila te moute nan pouvwa a apre asasinay papa li Laurent sa a gen yon dizèn lane, li te gen 29 an.

Laurent Kabila te monte prezidan apre li te ede dechouke diktatè Mobutu Sese Seko. Li te nonmen Joseph, pi gran pami 10 pitit li, chef fòs ame peyi a.

Apre Laurent Kabila te tonbe anba bal yon sòlda li, minis kongolè yo te antann yo pou yo fè Joseph Kabila tounen nouvo prezidan peyi a nan kòmansman ane 2001. Li te ranpòte premye eleksyon prezidansyèl lib nan peyi a an 2006.

XS
SM
MD
LG