Repiblik Demokratik Kongo gen pou l pibliye rezilta final eleksyon prezidansyèl semèn pase a jedi 8 desanm 2011 la nan mitan menas vyolans patizan kandida ki devan nan kous la.
Komisyon elektoral peyi a te sipoze pibliye rezilta eleksyon yo madi pase a, men yo te vinn ranvwaye piblikasyon yo pou 48 tè.
Rezilta preliminè nan prèske 90% biwòd vòt yo te konte yo montre prezidan sòtan Joseph Kabila te sanble devan pou re-eleksyon avèk preske 50% vwa.
Advèsè ki te pi prè li a se,Etienne Tshisekedi, ki te gen 33%. Kapital kongolè a, Kinchasa trè kalm jodi jedi a, men patizan tou 2 kandidayo siyale ka gen vyolans ki pete si kandida yo pa ranpòte la viktwa nan eleksyon yo.