Accessibility links

Breaking News

RDC: Prezidan Kabila Demanti Fwòd nan Eleksyon yo


Prezidan Repiblik Demokratik Congo a, Joseph Kabila, genyen eleksyon ki dewoule, semèn pase a, ki ba l yon nouvo manda 5 an
Prezidan Repiblik Demokratik Congo a, Joseph Kabila, genyen eleksyon ki dewoule, semèn pase a, ki ba l yon nouvo manda 5 an

Prezidan Repiblik Demokratik Congo a, Joseph Kabila, di moun pa ta dwe gen dout sou kredibilite re-eleksyon li an.

Pandan yon konferans deprès nan kapital la, Kinshasa, mesye Kabila admèt ke moun te komèt erè nan eleksyon mwa pase yo, sepandan li rejte kategorikman konklizyon Sant Carter a. (konklizyon kòmkwa yo te mal jere skriten an, e vòt la pa genyen okenn kredibilite)

Sant Carter, ki baze isit Ozetazini, fè konnen biwo vòt nan katye Prezidan Kabila kontwole yo te chaje ak elektè, e ke, dapre nouvèl yo, anpil bwat bilten nan katye ki favorize rival li a te kareman disparèt.

Yon gwo lidè katolik nan Kongo eksprime dout sou veritab rezilta eleksyon yo. Kardinal Laurent Monsengwo, ki e pale ak Lavwad Lamerik sou kesyon an, di rezilta yo pa chita ni sou la verite ni sou jistis nan Repiblik Demokratik Congo.

XS
SM
MD
LG