Accessibility links

Breaking News

Rapò Final 6 Janvye Komisyon Lachanm Depite a Akize Donald Trump pou Krim


Rapo final Komisyon selek La Chanm Depite ki te mennen anket sou atak 6 Janvye 2021 an sou Capitol la.
Rapo final Komisyon selek La Chanm Depite ki te mennen anket sou atak 6 Janvye 2021 an sou Capitol la.

Rapò final Komisyon Lachanm Depite Etazini pibliye sou atak 6 Janvye a di Donald Trump te komèt yon krim, e li te patisipe nan yon "konplo nan plizyè nivo" pou ranvèse rezilta eleksyon prezidansyèl ane 2020 an. Rapò a ajoute ex-prezidan an pat aji pou anpeche patizan li yo atake Capitol la non plis.

Direktè komisyon an, Depite Bennie Thompson ekri pou di Trump "te limen dife a."

Rapò a gen 814 paj e yo pibliye l byen ta Jedi swa. Li boukle yon ankèt ekstraòdinè ki te dire pandan 18 mwa.

Rapò a di koz santral emet la sete "yon moun: Trump."

Nan yon seri rekòmandasyon, 7 Demokrat ak 2 Repibliken ki manm Komisyon an sigjere pou Kongrè a konsidere entèdi Trump janm okipe yon pòs piblik nan lavni.

Lidè sòtan Lachanm, Nancy Pelosi di rezilta rapò sa a ta dwe "voye yon mesaj klè bay tout Ameriken: pou veye Demokrasi yo ak vijilans."

XS
SM
MD
LG