Accessibility links

Breaking News

Komisyon 6 Janvye a Pare pou Pibliye Rapò li sou Revòlt 2021 an


Manm Komisyon 6 Janvye Lachanm Depite Etazini - Depite Zoe Lofgren, Kalifoni, Depite Bennie Thompson, Mississippi, epi Depite Liz Cheney - Wyoming, 19 Desanm 2022.
Manm Komisyon 6 Janvye Lachanm Depite Etazini - Depite Zoe Lofgren, Kalifoni, Depite Bennie Thompson, Mississippi, epi Depite Liz Cheney - Wyoming, 19 Desanm 2022.

Anketè Lachanm Depite Etazini ekri yon rapò ki gen 800 paj ke li pral pibliye sou revòlt 6 Janvye 2021 nan Capitol la. Rapò a tire konklizyon ke Prezidan Donald Trump te komèt yon krim lè li te konplote pou'l ranvèse rezilte eleksyon 2020 an kote li te echwe e ke li te "pwovoke patizan li yo pou yo fè zak vyolans" nan Capitol la apre li te bay manti pou di te gen koken nan eleksyon an.

Rezilta a sete yon revolte ki te menase demokrasi, lavi palmantè yo ak lapolis.

Komisyon an sipoze pibliye rapò konplè a jodi Jedi a.

Li pral gen ladann sak te di pandan 9 odisyon piblik kote moun te bay prèv sou krim ki te komèt yo, temwayaj 1,000 moun te bay pandan entèvyou an prive ak dè milyon paj dokiman.

Trump kontinye ensiste pou di se limenm ki te genyen eleksyon 2020 an.

XS
SM
MD
LG