Accessibility links

Breaking News

Komisyon 6 Janvye a Mande Depatman Jistis Akize Trump pou Krim


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale pandan yon miting politik devan Mezonblanch la 6 Janvye 2021.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump pale pandan yon miting politik devan Mezonblanch la 6 Janvye 2021.

Komisyon 6 Janvye a ankouraje Depatman Jistis Etazini pou l lanse akizasyon kriminel kont Donald Trump pou atak vyolan ki te fet 6 Janvye 2021 kont Capitol la. Komisyon an di ansyen prezidan an dwe pran responsabilite pou trayizon li pa rapo ak responsabilite ofisyel li antanke chef d eta.

Depite Jamie Raskin se yon Demokrat ki reprezante eta Maryland nan Lachanm:

"Komite a gen bon jan prev ki monre Prezidan Trump te gen entansyon gate tranzisyon pasifik pouvwa a dapre konstitisyon nou.

"Prezidan an gen responsabilite pou li pase a l aksyon epi asire lwa peyi a egzekite. Pa gen okenn bagay ki ka reprezante yon pi gwo trayizon responsabilite sa a ke ede chofe yon revolt kont lod konstitisyonel la."

Demokrat ak Repibliken ki manm komisyon an te pase yon paket tan ap travay sou anket sou revolt 6 Janvye a. Yap rekomande kounyea pou lajistis lanse akizasyon kriminel kont Trump ak akolit ki te ede'l mete presyon sou responsab yo pou fe koken ak rezilta eleksyon 2020 an.

Komisyon an pibliye yon rapo byen long tou, ki jwen ke Trump te patisipe nan yon konplo ak plizye nivo pou kontre volonte elekte yo.

Pandan rankont final yo Lendi, manm komisyon an admet Trump vyole 4 lwa anvan ak pandan revolt la e li rekomande pou Depatman Jistis la mennen pwose kont misye pou sa.

Pami akizasyon yo rekomande yo genyen ede oganize yon revolt - ki se yon jefo pou rann ni responsab direkteman pou aksyon patizan li yo te pran pou atake Capitol la.

Komisyon an vote pou refere avoka konsevate John Eastman, ki te chache manev legal yo te ka anplwaye pou kenbe Trump sou pouvwa a, ak Depatman Jistis la epi akize'l ak menm krim ke trump - an palan de konplo pou fe koken ak rezilta eleksyon Ameriken epi tantativ pou gate yon pwosesis ofisyel.

Yon referans kriminel se yon jes senbolik pa rapo ak lwa peyi Etazini. Se Depatman Jistis ki va deside si li pral akize Trump ak asosye li yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG