Accessibility links

Breaking News

Demokrat, Repibliken Kritike Deklarasyon Trump Fè pou Sispann Konstitisyon Etazini


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump anonse kandidati li a la prepzidans nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 15 Nov. 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump anonse kandidati li a la prepzidans nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 15 Nov. 2022.

Responsab Demokrat kou Repibliken kritike ansyen Prezidan Donald Trump apre li lanse apèl pou "mete fen" nan kèk pati Konstitisyon Etazini pa rapò ak manti li te bay kòm kwa se limenm ki te genyen eleksyon 2020 an.

Trump, ki te anonse mwa pase a li pral poze kandidati li a la prezidans ankò an 2024, fè deklarasyon an pandan wikèn nan sou platfòm Truth Social li a.

Nouvo lidè Demokrat Lachanm Depite Etazini an, Hakeem Jeffries dekklare Dimanch komante Trump la dwòl ak ekstrèm.

Depite Repibliken Mike Turner, ki reprezante eta Ohio nan Lachanm deklare li pa dakò "ditou ditou" e li kondane kòmantè Trump fè a.

Ni limenm, ni depite eli Repibliken Mike Lawler ki se moun Nouyòk, di kòmantè sa yo ta dwe yon konsiderasyon lè pati a ap deside kiyès ki ta dwe dirije yo an 2024.

XS
SM
MD
LG