Accessibility links

Breaking News

Elon Musk Aktive Kont Twitter Prezidan Donald Trump la


Facebook Papers Trump Violence
Facebook Papers Trump Violence

Elon Musk, ki se nouvo bòs nan Twitter, Samdi te reaktive kont Twitter ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump, apre li te pèdi dwa pou li itilize rezo sosyal akoz atak ki te fèt sou Capitol la nan Washington nan mwa janvye 2021.

Apre yon sondaj Musk te fè, li te deklare: "Pèp la pale. Yo an favè pou kont Twitter Trump la reaktive." Tweet antreprenè kaprisye a te pibliye sou pwòp kont pa li apre rezilta sondaj la.

Plis pase 15 milyon te reponn ak 51,8% te vote an favè pou retounen politisyen Repibliken an sou platfòm la.

Kèk minit apre mesaj Elon Musk la, kont Donald Trump te vizib ankò. Dènye tweet la te pibliye 8 janvye 2021.

Nimewo aboné Twitter yo, nan mwens pase de zè de tan te monte a 3 milyon anvan sevè rezo a te tonbe. Ansyen prezidan an gen 4.57 milyon moun kap swiv li sou rezo li, Truth Social (Verite Sosyal). Li te lanse rezo a apre yo te mete l deyò nan Twitter.

Pwopriyetè milti-bilyonè Twitter ki se PDG Tesla ak SpaceX tou te sigjere an patikilye nan lansman sondaj la Vandredi nan aswè ke rezilta yo ka enfliyanse yon desizyon pou retounen an oswa ou pa - Trump sou rezo a. Mesaj Twitter Musk la te akonpaye ak pawol Laten: "Vox Populi, Vox Dei" (Vwa pèp la se vwa Bondye).

Nan non libète lapawòl, Musk deja retabli plizyè lòt kont itilizatè ke yo te sispann vandredi.

Yon ti tan apre finalizasyon akizisyon platfòm la pou $44 milya nan fen mwa oktòb la, lidè a te asire ke pa gen okenn gwo desizyon sou kontni, oswa reyaktivasyon nan kont kap pran plas san entèvansyon yon konsèy devwe. Yon jès ki te gen entansyon, pami lòt bagay, rasire piblisite, ki se prensipal sous revni rezo a.

Musk pa endike piblikman si konsèy sa a te janm etabli.

XS
SM
MD
LG