Accessibility links

Breaking News

Kèk Gwoup Mobilize pou Bloke Tantativ Trump pou'l Tounen nan Lamezonblanch


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump anonse lap poze kandidati li a la prezidans pou 3em fwa, nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 15 Nov. 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump anonse lap poze kandidati li a la prezidans pou 3em fwa, nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, 15 Nov. 2022.

Apre anons ansyen Prezidan Donald Trump pou di li kandida pou retounen nan Mezon Blanch an 2024 la, kèk gwoup ap mobilize pou bloke kandidati li kote y ap sèvi ak yon pati nan konstitisyon an ke anpil moun pa konnen, ki baze sou wòl li nan atak 6 Janvye sou Capitol Etazini an.

Pati sa a – Seksyon 3 nan 14èm Amandman Konsitisyon Etazini an – di « pyès moun » pa dwe pran yon pòs nan leta si li te prete sèman pou « sipòte konstitisyon an » e apre sa « angaje-l nan revòlt oubyen rebelyon” oubyen nan “bay lènmi” Etazini yo èd oubyen konfò.

Atik sa a ki rele “atik diskalifikasyon,” yo te adopte l apre gè sivil Etazini an, ant 1861 ak 1865, pou anpeche manm Konfederasyon an yo ki te pèdi lagè a, pran okenn fonksyon nan leta nan peryòd apre konfli a.

XS
SM
MD
LG