Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden di Li Pral Mande yon Tribinal Federal Kenbe Restriksyon COVID yo an Plas sou Fwontyè a


Yon migran ki soti Venezyela ke Etazini ekspilse epi voye tounen Meksik anba Tit 42, kenbe yon drapo Ameriken pandan li kanpe bo kote rivye Bravo a nan Ciudad Juarez, Meksik, 26 Oktob, 2022.
Yon migran ki soti Venezyela ke Etazini ekspilse epi voye tounen Meksik anba Tit 42, kenbe yon drapo Ameriken pandan li kanpe bo kote rivye Bravo a nan Ciudad Juarez, Meksik, 26 Oktob, 2022.

Administrasyon Biden nan anonse Mèkredi li pral mande yon tribinal federal kenbe an plas restriksyon COVID-19 yo pou migran kap chache travèse fwontyè Etazini pataje ak Meksik la. Se yon gwo chanjman ak opiyon li te eksprime nan sezon prentan an kote li te di li vle mete fen nan restriksyon sa yo.

Dapre dosye legal administrasyon an depoze devan tribinal, gouvènman an vle pou yon kou d apèl ranvèse desizyon jij Emmet Sullivan te pran nan mwad Novanm nan kote li te rann envalid lod ki rele Tit 42 a, ki anpeche moun mande azil Ozetazini sou fwontyè a.

Administrasyon an di Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi a, CDC, ap travay sou yon règ pou fomalize restriksyon fwontalyè yo.

Tit 42 se yon lwa Prezidan Repibliken Donald Trump te adopte nan mwad Mas 2020. Li pèmèt otorite Ameriken yo ekspilse rapido presto, migran li bare sou fwontyè Meksik oubyen lot peyi, san li pa ba yo opotinite mande azil. Jij Sullivan te di lod la, ki te gen kom objektif pou anpeche COVID-19 pwopaje pi plis Ozetazini, vyole lwa federal yo.

Biden, yon Demokrat ki pran pouvwa a an 2021, te pwomet pou li defèt restriksyon azil Trump yo. Sepandan, administrasyon li an te kenbe yo an plas pandan plis pase yon ane, pandan otorite yo tap arete yon chif reko migran Etazini Meksik la.

Nan mwad Me ki sot pase a, CDC te pran mezi pou mete fen nan Tit 42, paske li te di li pa nesesè anko pa rapo ak sante piblik. Sepandan li patka defann pozisyon sa a devan tribinal.

Apre jij Sullivan te di Tit 42 pa valid, li te bay administrasyon an jiska 21 Desanm pou fè preparasyon pou eliminasyon li.

Responsab Ameriken yo tap fè preparasyon pou yon posib ogmantasyon nan kantite migran kap travèse fwontyè a ilegalman apre Tit 42 kaba.

Desizyon pou ale an apèl kont desizyon jij la vini nan moman administrasyon Biden nan ap reflechi pou wè si li ta sèvi ak lot mezi tankou sa Trump te mete an plas pou dekouraje migran yo. Militan kap defann dwa migran yo kritike desizyon sa a.

Desizyon apèl la vini tou nan moman yon kowalisyon eta ki gen avoka gouvènman ki se Repibliken, ap chache entèveni nan pwosè a pou kenbe Tit 42 an plas.

XS
SM
MD
LG