Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon Kongrè Etazini Pral Diskite sou Enpo Trump


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, Madi 8 Nov. 2022.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Mar-a-Lago, Palm Beach, Florid, Madi 8 Nov. 2022.

Komisyon Lachanm dè Reprezantan ki rele Ways and Means la, pral diskite Madi sou kestyon pou konnen si yo ta dwe pibliye dosye enpo ansyen Prezidan Donald Trump yo.

Rankont sa a, taka dènye opòtinite Demokrat yo va genyen pou yo pibliye enfòmasyon ki gen rapò ak enpo Trump te peye, nan moman Repibliken yo ap fè preparasyon pou yo pran kontwòl La Chanm ane pwochèn.

Direktè Komisyon an, Richard Neal kontwole tout aksyon panèl la, men lap fè fas ak anpil presyon pou'l rann piblik, rezilta ankèt yo te mennen sou Trump. Ansyen prezidan an deja di li pare pou l postile yon twazyèm fwa pou dirije peyi a.

Komisyon an resevwa dosye enpo Trump ki kouvri yon peryòd 6 zan, ansanm ak kèk nan biznis Trump yo, ke Depatman Trezo a te remèt ba li mwa pase a.

XS
SM
MD
LG