Accessibility links

Breaking News

Yon Juri Jwen Oganizasyon Trump la Koupab nan yon Konplo Fwod Fiskal


Avoka Distri Manhattan nan, Alvin Bragg, kite tribinal la apre juri a jwenn Oganizasyon Trump la koupab de fwod fiskal, Madi 6 Desanm, 2022.
Avoka Distri Manhattan nan, Alvin Bragg, kite tribinal la apre juri a jwenn Oganizasyon Trump la koupab de fwod fiskal, Madi 6 Desanm, 2022.

Yon juri nan Nouyòk jwenn konpayi Donald Trump la koupab dèske responsab pi wo plase li yo te konplote pou evite peye enpo an echanj pou benefis tankou apatman ak machin deluks.

Kòm pinisyon Oganizasyon Trump la pral oblije peye $1,6 milyon.

Juri a pwononse santans li Madi, ki te dezyem jounen deliberasyon yo nan pwosè kriminèl la. Se sèl pwosè kriminèl avoka Manhattan nan lanse kont ansyen prezidan an ak biznis li yo apre yon ankèt ki te dire 3 zan.

Chèf finans Oganizasyon Trump la ki travay pou konpayi an depi lontan, Allen Weisselberg te plede koupab anvan sa dèske se limenm ki te vini ak ide pou konplo sa a, ki te dire pandan 15 zan.

Li te temwaye nan pwosè a an echanj pou yon pwomès pou la jistis kondane'l a 5 mwa prizon.

Trump limenm pat fè pati pwosè a.

XS
SM
MD
LG