Accessibility links

Breaking News

Lidè Kongrè a Rann Omaj a 'Ewo' 6 Janvye yo


Lide Lachanm Depite Etazini, Nancy Pelosi, bat bravo pou Chef Lapolis Capitol la J. Thomas Manger pandan yon seremoni pou onore polisye ki te defann Capitol la, 6 Janvye 2021.
Lide Lachanm Depite Etazini, Nancy Pelosi, bat bravo pou Chef Lapolis Capitol la J. Thomas Manger pandan yon seremoni pou onore polisye ki te defann Capitol la, 6 Janvye 2021.

Lidè pi wo plase La Chanm Depite ak Sena Etazini remèt pi gwo onè Kongrè a bay polisye ki te defan Capitol la 6 Janvye 2021.

Yo te prezante Meday Lò Kongrè a Madi pandan yon seremoni ki te dewoule nan Rotunda Capitol la kote patizan ex prezidan Donald Trump yo te lanse yon atak kote san te koule.

4 Meday yo pral ekspoze nan katye jeneral lapolis Capitol la, Depatman Polis Metwopoliten an, Capitol la ak Enstiti Smithsonian nan.

Prezidan Joe Biden di li pral mete yon meday nan mize Smithsonian nan "pou ke tout vizitè yo ka konprann sak te pase jou sa a."

XS
SM
MD
LG