Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon Lachanm Depite Etazini Vote pou Pibliye Enpo Ex-Prezidan Trump


Rapo komisyon Lachanm Depite Etazini sou dosye enpo ansyen Prezidan Donald Trump, Mekredi 21 Desanm, 2022.
Rapo komisyon Lachanm Depite Etazini sou dosye enpo ansyen Prezidan Donald Trump, Mekredi 21 Desanm, 2022.

Komisyon La Chanm Depite Etazini ki jere tout sa ki gen rapo ak enpo ak kestyon finansye gouvenman an vote pou pibliye yon rapò sou enpo Donald Trump te peye pandan 6 zan. Se yon bagay ansyen prezidan an te bloke pandan lontan.

Depite yo vote 24 - 16 an favè lide pou pouse pou pi devan ak plan pou pibliye enpo Trump yo. Li poko klè kilè sa pral fèt egzakteman.

Sepandan apre plizyè zane batay legal, epi konsantman Kou Siprèm nan mwa pase a, Depatman Trezò a te voye enpo Trump yo bay Kongrè a.

Demokrat yo ap fè fas anpil presyon pou aji agresivman.

Komite a gen nan men'l enpo Trump te peye pandan yon peryod 6 zan. Li gen dosye enpo biznis Trump yo tou. Nan 2 semèn Repibliken yo va pran kontwòl LaChanm donk rankont Madi a sete dènye opòtinite Demokrat yo te genyen pou devwale enfòmasyon yo genyen.

Repibliken yo plenyen pou di piblikasyon enpo Trump yo taka tabli yon presedan danjre.

Depite Kevin Brady ki se Repibliken pi wo plase komisyon an e ki reprezante Texas nan Lachanm deklare nempot piblikasyon enpo Trump yo reprezante yon "nouvo zam politik danjre" ke "menm Demokrat yo va regrete yon jou."

Dosye enpo Trump la se yon dosye ki konplike anpil. Lè misye te kandida a la prezidans an 2016, li te derefize pibliye dosye enpo li, ki se yon bagay tout kandida a la prezidans yo gen abitid fè. Li te vante l tou pandan deba prezidansyèl la nan menm ane ke li "pi entelijan pase tout moun" paske li pat peye oken enpo federal. Pi ta li te deklare li patap benefisye de rediksyon enpo ane 2017 yo -- yon lwa li te siyen e ki te favorize gwo boujwa Ameriken yo. Li te di pèp Ameriken an ka fè l konfyans.

Dosye enpo sèvi kom baz evalyasyon siksè yon biznis. Trump te prezante tèt li kòm yon nèg ki fò nan biznis e sa te jwe yon wòl kle nan fason li te poze kandidati li a la prezidans. Men dosye enpo misye te ka montre an menm tan tout obligasyon finansye li genyen, ak dèt etranje li genyen epi kijan li pral gouvène Lèzetazini.

Kidonk Ameriken pat konn krik sou enpo Trump te peye eksepte pou sa yo te li nan yon seri atik jounal New York Times te pibliye sou sije a nan mwad Oktòb 2018 ak Septanm 2020.

Atik sa yo te montre ke Trump te peye sèlman $750 enpo federal an 2017 ak 2018. Trump pat peye okenn enpo ditou pandan 10 sou 15 ane ki pase yo paske an jeneral li te pèdi plis lajan pase kantite li te antre.

Trump defann tèt li pou di pa gen anpil bagay yon moun ka tire de enpo li yo e se poutèt sa li vle pou yo rete prive.

XS
SM
MD
LG