Accessibility links

Breaking News

Rèn Elizabeth Fè yon Parèt nan Dènje Jou Fèt Jubile Platinn ni an

(De goch a dwat) Camilla, Duchès Cornwall, Prens Charles, Rèn Elizabeth II, Prens George, Prens William, Prensès Charlotte, Prens Louis ak Kate, Duchès Cambridge la sou balkon Palè Buckingham nan nan Lond, Dimanch 5 Jyen 2022.

Rèn Elizabeth II fè yon parèt sou balkon palè Buckingham nan Dimanch, sa ki te bay fanatik yo anpil kè kontan. Yon foul moun ki te rasanble devan palè a te gen espwa wè rèn nan pou dènye jou festivite pou make 70 zan sou twon nan.

Rèn nan, ki gen 96 zan, gen pwoblèm pou'l deplase sè jou si. Pi bonè nan jounen an te gen yon parad byen ge kote moun te defile nan lari Lond pou komemore lavi Elizabeth ak divèsite sitwayen yo.

Lè parad la te fini, dè milye moun t'al devan palè a pou eseye wè rèn nan. Gen yon mesye ki di "se yon gran onè pou'n fè pati selebrasyon sa a. Nou gen pi bon rèn nan mond lan pavre?"

Nan yon deklarasyon li pi bliye jodia, rèn Elizabeth di "li rekonmesant e trè touche" dèske tout moun sa yo vinn asiste Jubile Platinn ni an.

XS
SM
MD
LG