Accessibility links

Breaking News

Rèn Elizabeth II Pral Vag sou Festivite Vandredi yo Akoz yon 'Malèz'


Dapre Palè Buckingham nan, Rèn Elizabeth II pap asiste yon mès Vandredi pou komemore Jubile Platin ni an akoz yon "malèz" li te komoanse santi pandan li tap asiste yon evenman Jedi.

Palè a di rèn nan, ki gen 96 zan pran desizyon sa a malgre vreman vre se pa sa li te anvi fè. Mès la pral dewoule nan Katedral Sen Paul la.

Palè a di la rèn te "amize'l anpil pandan li tap gade Parad Anivèsè a ak vol espesyal aviyasyon Angletè men li te santi yon malèz."

Angletè ap komemore 70èm anivèsè rèn nan sou pouvwa a pandan yon lon wikèn. Elizabeth gen 70 zan sou twon nan e li se rèn ki pase plis tan sou pouvwa a.

Anpil fanatik fanmi wayal la te domi deyo depi plizyè jou ak espwa dèske yo tap ka wè rèn nan.

XS
SM
MD
LG