Accessibility links

Breaking News

Kim Jong Un Felisite Rèn Elizabeth II pou 70 an Li sou Pouvwa a


This picture taken on May 17, 2022 and released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on May 18 shows North Korean leader Kim Jong Un attending a meeting.
This picture taken on May 17, 2022 and released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on May 18 shows North Korean leader Kim Jong Un attending a meeting.

Ministè Afè Etranjè a nan Pyongyang anonse Lidè Kore di Nò, Kim Jong Un, Felisite Rèn Elizabèth II pou 70 an depi L ap Gouvène La Grann Bretay

Nan mesaj Kim voye bay Ren Elizabeth la, li deklare: "Mwen voye felisitasyon mwen bay Ou menm ak pèp Ou a nan okazyon fèt nasyonal peyi W la ak anivèsè nesans ofisyèl Sa Majeste".

Lond ak Pyongyang te tabli rapò diplomatik an 2000. Chak nan 2 peyi yo kenbe anbasad li lakay lòt la, malgre deteryorasyon relasyon ant Kore di Nò ak peyi oksidantal yo nan dènye ane yo akòz pwogram zam nikleyè Pyongyang lan.

Aktyèlman anbasad britanik la nan Pyongyang fèmen akòz restriksyon Kore di Nò enpoze pandan pandemi KOVID-19 la.

Ane pase a, ajans ofisyèl KCNA te rapòte ke Rèn Elizabèth II te felisite Kim Jong Un nan okazyon anivèsè fondasyon Kore di Nò a, nan dat 9 septanm nan.

XS
SM
MD
LG